mardi 28 février 2012

SANT SANTE BLUE HILLS HAITI

Bonjou tout moun!

SANT SANTE MEN NAN MEN BLUE HILLS HAITI se yon dispansè ki ofri tout sèvis sante de baz yo nan kominote blue hills la ki genyen anviwon 50 000 moun kap viv la. Moun yo ap fè fas ak gwo pwoblèm sante: Tankou:
Kolera
Tifoyid
Malaria
Filaryoz
Dyare
Malnitrisyon elatriye.
Anpil rive menm pèdi vi yo akoz mwayen yo pa gen pou yo frekante yon lopital. konsyan desa, yon gwoup pran desizyon pou pote repons a gwo pwoblem sa. men yo gen difikilte pou kenbe akoz lajan yo manke pou yo achte medikaman ak materyèl nesesè. Nou akeyi plizyè dizè moun chak jou men yo pa gen kob e nou sèvi yo nomalman.
Konsa nou gen gwo bezwen  medikaman ak  akseswa poun ka toujou sèvi popilasyon sa ki pa gen mwayen adekwa.
Ekip la konpoze ak pèsonalite sa yo pou listwa:

Nirva Pierre, enfimyè
Carole Romain, oksilyè
Hubert francois, famasyen
Christian Desir, teknisyen laboratwa
Chrispin Dieuseul, administratè
Nicolas Ronel, relasyon piblik


Pou kontak:
E-mail:  centredesantemennanmenbluehills@yahoo.fr
Tels: 509 3762 3255 / 50938374133 /50942387091